RELATIONSHIP – Pou anpil gason yo pa reyalize ke yo fè madanm yo twòp, e sa ki pi grav la yo pa mete nan tèt yo ke fi an gen yon kantite l’ap pran nan men yo. Se yonn nan rezon ki fè jou fi sa di li fini avèk yo, yo te mèt al vann papa Bondye jounen, fi sa fini avèk yo nèt. Pou evite yon fi rive nan pwen sa ak ou, jis pa fè’l sa ou pa ta vle li fè’w.

Premye sa pou nenpòt moun ki nan yon relasyon mete nan tèt li ke li gen pou li kotize 50 pousan nan relasyon sa, epi respekte lòt, sipòte lòt, bay moun sa tout lanmou ki nan kè’l, etc… Yonn nan bagay pou ou pa fè se bay kè’w a mwatye, non ou pa ka fè sa ou dwe bay moun sa tout kè’w, envesti nan relasyon’w, pou demen ou ka jwi envèsman ou. Plis ou bay nan yon relasyon se plis ou ka jwenn anretou. Men pandan ou dwe bay tout ou menm a yon moun, asire’w ke moun sa pa jis la pou li pran avantaj de ou.

1- Li pa fè diskisyon avèk ou ankò
Si mennaj ou te konn ap pale pou tout sa ou te fè li pa renmen, e konnye a ou wè li pa di’w anyen pou menm bagay li te konn fache pou yo an, pa mete nan tèt ou ke li obeyi a ou menm oubyen li aksepte ak yo konnye a, men pito li bon pou ou ap poze tèt ou kesyon, pou ki sa li pa di anyen.

Ekzanp: Ou te toujou ap antre ta, lè telephone ou te konn ap sonnen li te konn vle konnen ki moun sa, li toujou t’ap pale paske ou pa pase tan ak li, etc… Ebyen jounen jodi li jis pa di’w anyen, li jis kite’w ap viv vi’w, ebyen ou mèt konnen li fatige avèk ou, e li pran vi’l an men pou ou pa yon pwoblèm pou li ankò.

2- L’ap ba ou distans
Ou vin trouve mennaj ou pa ba ou regle anyen pou li. Si ou la, ou la; si ou pa la tou, ou pa la. Li pa nan rele’w, ni voye mesaj pou ou jan li te konn fè li avan, pou li mande’w ki kote ou ye la. E ou menm lè ou rele’l oubyen ekri li, li pran tan pou li fè’w repons. Sonje o kòmansman ou pa te gen tan pou li, ebyen konnye a se li ki pa gen tan pou ou. Li sitèlman abitye ak ou ki pa konn la pou li, li aprann pou li fè tout afè’l li sèl li.

Nou menm lèzòm nou gen yon fason pou nou esye siviv nan nenpòt sitiyasyon nou ye, a lò lè ou gen yon moun nan vi’w kote nou te jire pou nou viv ansanm, e ou menm ou pa respekte kondisyon ki te pase an, o kòmansman moun sa ap pral fè tout mwayen ki posib pou li wè kouman pou sa mache antre nou, men apre kèk tan lè li wè ou p’ap chanje, e ni respekte mo’w, l’ap vin aprann ke li pa sitèlman bezwen’w jan li te panse li t’ap bezwen ou an. Meyè fason pou ou fè yon moun konnen li pa ka viv san ou, se mete tèt ou disponib tout tan pou li, pou ke lè ou pa la, pou li santi li manke’w.

3- N’ap viv tankou 2 moun ki pa konn lòt
W’ap viv nan kay ak mennaj ou, ou pa sonje ki dènye fwa ou menm avèk li pale, e lè nou pale li gen pou wè avèk pòsyon depans (bill) pa’w nan kay la, oubyen li gen pou wè ak ti moun yo. Madanm ou pa bay tèt li pwoblèm si ou manje, si ou gen rad ki pwòp. Madanm ou ba ou chanm nan l’al dòmi avèk ti moun yo.

La si ou bezwen madanm ou retounen jan li te ye avan ou mèt kòmanse al achte flè, pran yon ti poz sou zanmi ou yo, ou dwe bay tout fokis a madanm ou,mennen li soti, pran yon ti vakans ansanm. Paske la ka grav. Plis tan ou pran pou rezoud sa, se plis fi sa ap rale kò li sou ou.

4- Li pa vle fè sex avèk ou
Lè yon fi rive nan pozisyon kote li mete anbago sex sou ou, ou mèt konnen ke fi sa deside’l, pou li viv sèl, e nan moman la, chak fwa ou ouvè bouch ou pou di li yon bagay se kòm si se blese ou blese’l. Paske fi sa deja aksepte pou relasyon sa kraze, li aksepte pou li refè vi li, e li deja wè ke ou menm ak li pa ka gen yon vi.

Pou anpil gason depi fi an pa vle sex, yo mete nan tèt yo ke fi sa gen yon moun nan vi li deja. Wi ou ka jwenn yon ka kon sa, men majorite de fwa fi sa pa gen pyès moun nan vi’l, men li ka gen yon moun k’ap pale avèk li. Si ou bezwen madanm ou, li bon pou ou fè anpil atansyon, paske ou nan yon pozisyon ki trè frajil. Pa akize fi an, e an plis ou dwe rabese’w. Menm si ou gen rezon, ba li rezon an. Evite tout diskisyon, plis diskisyon w’ap fè ak li se plis chans w’ap bay nèg sa k’ap pale avèkl li an.

Chita panse ak tout sa li konn ap plenyen pou yo an. Fè yon lis ak yo, epi kòmanse rezoud yo yonn apre lòt, sèl fason l’ap gen lide retounen ak ou, se si li wè ou vle chanje. Nenpòt bagay ou te konn fè’w fache lontan menm si li ta fè’w yo konnye a, ou te mèt fache pou ou mouri, toujou rete kalm, depi w’al nan eksite, ou kraze tout bagay nèt.

5- Li pran tout afè’l li kite kay la oubyen li mete’w deyò
La ou mèt konnen ou pa gen fanm ankò. Ou kraze tout bagay, wi ou kraze relasyon sa. Ou kraze relasyon sa paske se sèl tèt ou ou wè. Depi yon fi kite kay la, oubyen li mete’w deyò, epi li chanje kle ki nan pòt lan, ou mèt konnen fi sa fini avèk ou. Chans pou li retounen avèk ou li trè mens. Pou li retounen ak ou, l’ap pran anpil tan, zanmi, paran, fanmiy, ki pou pale pou ou. Si ou ta va gen yon fanmiy oubyen zanmi fi sa ou pa alèz ak li, e se lakay li l’ale, pa al nan joure ak li. L’ap pi bon pou wè si ou ka pale avèk li pito.

Toujou rekonèt tò’w, pa bay ankenn moun pote chay ou. Paske lè fi sa t’ap mande’w pou ou pase tan ak li, pou antre nan kay la a lè, etc… se ou menm ki te chwazi pou ou pa te fè yo, se pa moun nan ou di ki t’ap ba li move konsèy yo ki te di’w pa koute madanm ou.

KONKLIZYON
Lè yon fi chwazi’w kòm mennaj li, mari li, nou menm gason dwe met nan tèt nou ke fi sa merite tout Onè, respè, e devwa’w se pou ou la pou li, fizikman e emosyonèlman. Fanm pa pè soufrans yo atake’l sou tèt. Malgre y’ap soufri yo toujou prè pou yo rete kenbe, menm si yo tonbe ou mèt rete kwè y’ap leve kanpe. Men le jou se yo ki deside lage an, ou te mèt ba yo tout sa ki ekziste nan mond lan, ou wè ou menm ou pa gason pou li ankò.

Nou menm gason nou toujou prè pou nou di ke nou fini ak fi sa. M pa’t renmen fi sa, malgre nou te gen plis ke 4 ane ansanm, nou pa bay fanm sa regle anyen pou nou, ebyen ou mèt rete kwè ou gen pou pran nan yon kout pa konprann. Se lè fi sa ale, se lè sa w’ap wè kouman fi sa pa te fanm pou nou, kouman ou pa te bay fanm sa regle anyen pou ou, ki jan ou te fini ak fi sa. Ou gen pou gen de ran dlo, de ran larim ap plenyen kòz nan pye fanm sa. Ou gen pou wè kouman fanm sa se meyè fanm sou latè, e ou pa bezwen konnen anyen, se fanm sa ou vle. Pa kite’w rive nan sitiyasyon sa, bay fanm ou tout enpòtans li merite, tout konpliman ki ekziste, ba li tou kè ou menm jan li ba ou tou li menm.

man_crying