BAHAMAS – Imigrasyon nan Bahamas ap chèche ti moun ke paran yo ilegal nan peyi an, pou yo kap depòte yo kote paran yo moun. Aksyon sa afekte kominote Ayisyèn nan, paske se yo ki an majorite lòt bò an.

Haitiankids deported

Leta nan Bahamas te vini ak yon lwa kote si paran yon ti moun ilegal, li pa gen dwa edikasyon sou tè an. Yo vini ak diferan lwa pou dekouraje ilegal yo nan peyi an pou yo kap retounen nan peyi yo. Men kominote yo gen plis pwoblèm avèk yo an se Haitien.

Ajan imigrasyon te antre lakay Haitien yo pran ni paran, ni ti moun pou yo kap depòte. Men pi gro pwoblèm se paske yo menm pran ti moun yo san paran yo. Depi ti moun nan se pitit Haitien yo ye, yo pran yo malgre gen nan yo paran yo legal sou tè an. Yo menm gen lide pou yo ale nan lekòl pou al pran ti moun. Yo pran ti bebe, adolesan ki fèt nan Bahamas pou depòte.

Daprè konstitisyon Bahamas, yon ti moun ki fèt sou tè an, pa otomatikman gen nasyonalite tè an. Se lè yo gen 18 tan pou yo al nan tribinal pou kapab vin yon sitwayen Bahamas. Se pa sèl Bahamas ki kon sa, an France si yon ti moun fèt e yonn menm nan paran ti moun sa pa gen nasyonalite Fransè, se jis lè ti moun nan vin gen 14 zan l’ap vin gen nasyolite Fransè.

Men nan Bahamas, yo konsidere yon ti moun ki fèt pa yon paran ki ilegal, ilegal tou, e ti moun sa yo pa menm gen dwa edikasyon daprè nouvo lwa tè an. Se yon tris sitiyasyon kote ti moun ki inosan de aksyon paran yo ap sibi imilyasyon sa. Menm yon ti bebe yo pran avèk panpèz sou li, kote panpèz bezwen chanje sou li, ajan imigrasyon yo pa menm sa an konsiderasyon pou yo chanje li.

Sèl sa y’ap fè se ranmase ti moun al mete nan bis, pou y’al mete yon kote pou yo ka kòmanse pwosès depòtasyon yo.

[su_youtube url=”http://youtu.be/0nWqZxyAEcs” width=”720″ height=”520″]