Yon bout istwa Ayiti ke anpil Ayisyen pa konnen. Te genyen Polonè ki te met ansanm avèk Jan Jak Desalin pou te bay Haiti endepans nan ane 1804. Se yon istwa ke nou menm Ayisyen pa konnen de li, paske yo pa mete li nan liv “Histoire D’Haiti”. Henry Deschamps ki se konpayi ki te pibliye 90 pousan liv lekol Haiti te konn itilize, pou ki rezon ki fè Polonè sa yo pa site nan Istwa nou. Eske se Gouvènman Duvalier ki te enpoze sa, oubyen se jis yon erè.

casale

[su_video url=”http://anmwe.com/news/wp-content/uploads/2014/01/casalefull.mp4″ poster=”http://news.anmwe.com/wp-content/uploads/2014/01/casale-4.jpg” title=”Casale, Istwa desandan Polonè k’ap viv an Haiti” width=”800″ height=”500″]

Ebyen mesye Polonè sa yo te vin an Ayiti, se pou yo te vin ede Lame Fransè goumen avèk lame endijèn (lame Esklav yo). Men Fransè yo pa te di mesye Polonè yo tout verite, ke esklav yo t’ap goumen pou libète yo ebyen lè yo rive an Ayiti yo vin aprann ke esklav yo t’ap goumen pou libère yo, te gen nan yo ki te mete men avèk esklav yo pou te goumen kont Fransè yo pou te k’ap bay Haiti endepandans ke nou menm ap jwi jodi a. Yonn nan rezon ki te k’ap fè sa se paske Pòlonè yo te kite fanmiy yo nan menm sitiyasyon ke esklav yo t’ap goumen pou li an ki se libere tèt yo.

Desandan Polonè yo ap viv nan yon komin ki rele Casale ki on afè de 40 kilomèt de Port-au-Prince, e ki tou pre Kabarè. Men se yon zòn ki pa te menm nan kat jeografi Ayiti. Se yon zòn gouvènman Duvalier an te maltrete anpil. Gen yon rivyè ki pase nan menm zòn nan yo te limite konbyen de jou yo k’ap itilize li pou yo te kapab rouze jaden yo.

An Mars 1969 te gen yon group jenn gason ki te fè pati, de yon pati kominis an Haiti nan Casale mesye yo te revolte kont gouvènman Duvalier an, e tout sa te rive akoz de dlo an moun Casale pa te ka itilize pou yo rouze jaden yo. Yo te kapab itilize sèlman 2 jou nan yon semèn, epi rès jou yo dwe rete pou Kabarè. Ebyen Jeremie yon Ayisyen desandan Polonè ki te desann drapo nwa e rouj kit’ap flote an li te fè konprann drapo nwa e roujla se yon drapo kriminèl, mesye yo ki te fè pati de group Kominis lan te monte drapo BLE e Rouj e yo te fè konprann Casale se yon zòn endepandant, e yo pa depann de gouvènman Duvalier.

Apre tout sa te pase ebyen Francois Duvalier te voye lame li nan Casale, ebyen mesye sa yo te kòmanse tire sou kay kote Jeremie te rete. Men Jeremie te pase pa dèyè li te echape kò li, li pran bwa pou li, lè li te rive byen lwen, sou yon mòn li te pran revòlvè li epi li tire anlè, pou te fè lame yo konnen kote li te ye.

Nan mesye sa yo ki te revòlte kont gouvènman Duvalier, te gen kèk ansyen militè la dan tankou, Jeremie, Max Belneau epi te gen lot moun ki te antèt, ou te jwenn Roger Mehu, Alex, Willy Belneau, men moun ki te pote non tig lan se te Jeremi. Tout lame ki te nan rejyon te antre Casale. Mesye Casale yo te gen zam men yo pa te ka fè anyen paske mesye lame yo te gen yon bon plan. Yo pa te pote boure men pito, yo te mete Abitan zòn nan devan pandan yo rete dèyè jis pou si mesye sa yo t’ap tire se moun pa yo menm ki pou te pran bal. E akoz mesye yo pa te vle viktim pwòp fanmiy yo, yo pa te tire.

Men Operasyon militè a pa te dire. Casale te gen yon sèl antre, e li antoure avèk mòn. Ebyen sa te ede lame yo te sèke mesye yo rapid. Ebyen sa te lakoz yo te tiye 2 nan revoltan yo. Te gen Roger Mehu avèk Lamarre ki te mouri. Nèg yo te koupe tèt Lamarre bay yonn nan revòltan yo pote rive nan palè Nasyonal. Men mesye lame yo te plis vle jwenn Jeremi, paske se li menm ki te an tèt group la. Malgre yo te sakle tè a anba kout bal kote yo te panse li te kache, yo pa te janm jwenn li. Yo te mare rès mesye yo avèk pwòp chemiz ki te sou yo.

Lè ke Duvalier pa te jwenn Jeremi li tè fè yon patizan li al pran yon pitit Jeremi pote ba li, men avan patizan te al pran pitit Jeremi an pote ba li duvalier te promèt li, li p’ap fè li anyen. Duvalier te gen pitit lan an otaj, akoz de sa Jeremi te depoze lè zam. Men malgre sa anpil moun mouri, mesye lame yo te vyole anpil pitit fi moun zòn nan. Yo kraze jaden moun yo, yo vòlè kabrit, bèf, milèt, anpil bèt moun zòn nan.

Ebyen zòn Casale lan se yon zòn Duvalier mal trete anpil. Ayiti te toujou jou pòv, men akoz koulè moun sa yo, e paske yo te revòlte kont gouvènman sa te fè Duvalier abandone zòn nan, kote li pa te menm parèt kat jeografi Ayiti.

casale

casale

casale

casale

casale

casale

casale

[yop_poll id=”5″]