Port – au – Prince, Haiti – Godson Orélus ki se direktè polis nasyonal Ayiti a demanti tout pale anpil ak vye akizasyon y’ap fè sou dol yo. Li di, pat janm genyen okenn kidnapè ki te dezame l nan PALAIS NATIONAL vre, dayè, se yon kidnapè ke yap chèche.

Daprè sa direktè polis nasyonal peyi a fè konprann, se rete li rete konsa, li wè tout polis li yo ap rele l epi yap mande l apa yo fenk tande sou yon radio ke gen yon kidnapè dezame l ak tout fòs sekirite l yo nan palè nasyonal.

[su_youtube url=”https://www.youtube.com/watch?v=x3-tz2AT9og” width=”720″ height=”520″]

Nan deklarasyon direktè polis nasyonal la bay, li di, se yon fason y’ap fè pou yo sal imaj li, sal pèsonalite l, sal repitasyon l, epi kraze moral tout polisye ke li responsab yo. Godson Orelus di, se pa premye fwa li tande move deklarasyon sa yo, li di, yo konn di prezidan manke souflete l, epoutan prezidan se yonn nan moun ki plis respekte l nan peyi ya paske li fè respè l, tout sa lap fè, li fè yo dwat.

orelus