LeBron James nan yon video k’ap sikile sou entènèt lan nan match li te jwe kont Miami Heat di Dwayne Wade yon bagay ki fè anpil pale nan Cleveland. Nou konnen ke Wade ak LeBron gen yon trè gran Amitye antre yo, men video sa pa fè Fanatik Cleveland yo plezi menm.

Me sa LeBron di Wade nan match 25 Desanm kont Miami Heat:
[su_quote] “Tankou mwen te di, si nou pa pi bon ane sa a, n’ap re-reyini ankò pou nou ka fè pi gro epi pi bon bagay, Oke?

“Like I said, if we aren’t better this year, we’re gonna reunite again and do some bigger and better things, alright?”
“[/su_quote]

LeBron di li sonje li te di sa ke yo gen pou yo re-reyini ankò pou yo ka fè pi gro epi pi bon bagay, men li fè konnen ke sa li di an pa gen anyen pou li wè avèk Basketball.

[su_youtube url=”http://youtu.be/ikhitrmKBc8″]

Me kòman Lebron defann tèt li.
[su_quote]””Mwen vle di, si mwen t’ap di’l sa, mwen t’ap di’l depi jou swa avan. Mezanmi, mesye, mwen pa stupid. … Mwen pa t’ap janm di’l sa pou 25 Desanm kote gen yon pakèt kamera ki fikse sou nou. Mwen t’ap gen tan di’l sa depi nan jou swa avan lè mwen te lakay li. Sèl sa mwen konnen sa mwen di a pa gen anyen pou wè avèk mwen kite Cleveland pou mwen retounen Miami. Li te ka gen pou wè jis mwen ki t’ap pale lòt bagay e ki pa gen pou wè anyen ak basketball. ”

I mean, if I was going to tell him that, I’d tell him the night before. Come on, guys, I’m not stupid. … I wouldn’t say that on Christmas with a hundred cameras around. I would have told him the night before at his house. … But it had nothing to do with leaving here and reuniting with him. It had everything to do with just talking about other things more than just basketball.”[/su_quote]

wade-lebron