RELATIONSHIP, SEX & LOVE – Pandan gason ap mete ti pantalon sere pou yo ka di yo seksi, fanm ap touse manch chemiz yo, mete bout pantalon anba jip yo, pou yo okipe pitit, peye lwayaj, travay 16h pa jou, e gason menm chita ap jwe kat, bwè kleren, kale wès.

Tout kote ou rive fanm ap pale de jan yo endepandan, ke se yo k’ap fè pou tèt yo. Men si w’ap gade depi lontan, gen anpil fanm se yo menm ki leve pitit yo, yo sèl. Se fi an ki leve chak jou al anba mache, al vann. Sa ki mache plizyè kilomèt chack jou ak yon panye sou tèt yo, pou wè si yo te ka fè 2 gouden. Gen fanm k’al vann jounen nan jaden, sekle, plante. Gen sa tou k’al travay kòm bòn kay moun ki te konn ap fè $60 pa mwa lontan, men jounen jodi a yon bòn ka touche antre $400 HT – $600 HT pa mwa, ki a pe prè $45 US – $70 US.

Black-women-at-work

Malgre fi an endepandan sa pa vle di li p’ap chèche yon gason ki ka ede’l. Men sa fi an p’ap chèche se yon moun ki pou vin depann de li. Si fi an bezwen yon ti moun, byen si li ka fè yon ti moun, si pou kèk rezon li pa ka fè, li ka adopte, pran yon ti neve, nyès, oubyen yon fiyèl. Pa gen rezon pou li vin pran yon gro jenn gason vin dòmi, manje, epi plen twalèt li. Se yonn nan pwoblèm jèn fi ap andire jounen jodi, jenn gason pa vle al travay, y’ap chèche enfimyè, chèche yon fi nan dyaspora, oubyen jis jwenn yon fi ki ka ba yo 2 gouden.

Lontan gason te gen nen nan figi yo, menm si yo pa t’ap travay avan yo pa te konn al chita pou fanm okipe yo, yo te konn fè kom si. Pa ekzanp gen sa ki te konn kenbe yon pè sizo, swa pou yo fè cheve oubyen koud. Konnye a mesye yo pran mande fanm pou yon metye. Gason an po ko menm di fi an bonjou li gen tan ap di’l ki lè l’ap mennen’l nan magazen al achte, yo toujou gen yon anivèsè y’ap selebre, o cheri te gen yon bagay mwen te wè nan magazen sa al pran li pou mwen. Sa y’ap di fi a al achte pou yo an se pa yon bagay $50, $60, se bagay $500, $600, si ou mande yo kouman yo fè $500 li pa fouti di’w. Lè ou di yon moun al achte yon bagay pou ou pou $500 anpil fwa lajan sa se pou yon semèn a 2 semèn moun nan dwe fè ap travay.

Pou ale pi lwen, grangou’l se pou fi an, abiye’l se pou fi an, dòmi’l se pou fi an. Fi an mete gaz nan machin li pou li al travay, li pran machin fi an soti avèk li, retounen’l san gaz. Si fi an gen chans li ka pote machin lan retounen a lè pou li k’al travay. Mande sa li t’ap regle li pa ka di fi an. Yo si tèlman pa gen ankenn sans de responsablite, yo abize moun nan k’ap ede yo an. Alò di kouman pou yon fi respekte yon gason konsa. Yo tounen poud bwa, kay ki pare yo pou lapli ak solèy se li menm y’ap detri.

Ka konn si grav fi an pa ka kite valiz li atè. Si li pral benyen fò li antre ak li nan twalèt lan, si li ap dòmi fò valiz la anba tèt li. Gen de gason ki si tèlman visye, fi an oblije chanje adrès kat kredi, kat bank li, nan adrès yon zanmi, pou li pa pran enfòmasyon’l, pou li pa odè yon ekstra kat. Depi income tax antre sa ki rete pou yo koupe kou fi an pa anpil. Yo pa travay yo vle pou fi an separe lajan ak yo mwatye pou mwatye. Lajan pa pou yo, yo gen tan fè plan sou li. Sa ki fè mal lan, lè gason sa gen 2 gouden ki tonbe nan men li, li sere’l pou fi an pa konnen ke li gen lajan. Menm si li wè machin nan pa gen gaz, l’ap pito rele yon moun vin chèche li lakay lan tanke pou li ta pran machin al mete $10 gaz ladan. Lajan li gen nan pòch li an li pito al bwè byè ak li avèk zanmi’l.

Yon gason ki chita nan baz maten, midi, swa, bwè kleren, se yon dezas pou relasyon. Gen nan yo ki si tèlman pran kleren pou yon medsin, li leve maten avan li bwose dan’l se yon boutèy byè li pran, li fin manje se yon boutèy byè li pran. Yon fi pa ka respekte’w, paske ou pa ba li rezon pou li respekte’w. Se pa jis paske ou ap travay pou ou panse w’ap gen respè devan madanm ou. Li bon pou ou konstri yon karaktè. Ou pa ka bay baz valè sou mennaj ou. Baz la dwe gen lè’l, li pa ka 24 sou 24. Li pa ka chak jou pou w’ap kite mennaj ou ande kay li sèl, oubyen ak ti moun yo, pou w’al nan baz. Kè fi sa p’ap kontan e an menm tan tou li p’ap gen respè pou ou.

Kouman pou yon fanm fè respekte’w. Se nòmal pou li wè li pa gen bezwen pou ou. A pa de sex ou ka ba li, ke li pa vrèman nesesè pou li pran’l nan men’w, paske li ka jwenn li nan men yon lòt gason, oubyen li ka achte jwèt seksyèl ki pou fè li dous. Anpil gason vin yon ekstra chay pou fi. Lè yo ansanm ak yon fi se sèl bak yo fè fi an ap fè. Yo pa ka fè anyen pou fi an, men y’ap fè yon pakèt vye jalouzi sal.

Men si nou antre an reyalite se yon pakèt fi ki pa konn valè tèt yo ki kite yon gason ap pran avantaj de yo konsa. Si se ou menm k’ap fè tout bagay lakay ou, pa gen rezon pou ap pran sa nan men yon gason. Ou ka chwazi ede yon moun, si ou wè li pa vle ede tèt li alò ou dwe reyalize tout sa w’ap fè pou li, li p’ap janm ba li valè. Majorite gason jounen jodi pa merite pou yo menm gen sandal yon fi bò kote yo, paske yo pa konn valè fi. Paske sèl sa yo mete nan tèt yo se ki lè, ki jan pou yo rache yon $100 nan men yon fi. Alò medam mete fanm sou nou, sispann kite ensanse rann vi nou mizerab.