PORT-AU-PRINCE – Prezidan Repiblik la Jovenel Moise patisipe nan gradiyasyon Premye kòwòt inite espesyal polis fwontalyè jounen mèkredi 27 desanm Lan nan akademi polis la sou wout frè.

Premye pwomosyon polis fwontyè sa gen ladan 118 ajan PNH la , fanm ak gason ki pral deplwaye tou swit nan diferan pwen fwontyè peyi dayiti kòmanse nan depatman Sant ak Lwès.

inite espesyal sa gen misyon pou ranfòse sekirite sou fwontyè a nan diferan nivo tankou : nan kesyon lit kont kriminalite , lit kont kontrebann ak imigrasyon an kachèt poun site sa yo sèlman.

Reskonsab polis fwontalyè a komisè Marc Justin eksplije deplwaman ajan sa yo pral rapouswiv tanzantan sou tout teritwa , Detan pou rive lane 2020 kantite inite polis fwontalyè a ap rive a plis pase 650 ajan ki pral kolabore ak la dwàn, imigrasyon epi lòt enstitisyon leta yo.

Nan entèvansyon l Prezidan Repiblik la Jovenel Moise eksplike gwo enpòtans yon inite konsa pou peyia espesyalman pou zòn fwontyè a kote leta konn fè defisi anviwon 400 milyon dola chak Ane nan zafè kontrebann ak lòt kalte krim.

Chèf leta a aplodi polis nasyonal la pou inisyativ sa ki antre an liy dwat ak vizyon administrasyon Moise / Lafontant pou konbat koripsyon sou tout fòm epi pou bay aparèy jistis la jarèt.

Source/Ministère de la Communication
Photo/Ministère de la Communication
www.anmwe.com

Agents-frontaliers