Nan Yon bèl bal Klass ki t’ap fèt nan S.O.B, kote Klass t’ap byen depoze, King Kino ki te prezan nan bal sa te tou pwofite mete tout ti santiman ki te kache nan kè l deyò. Nan HMI la, se pa premye fwa jan de bagay sa yo fèt, se toutan atis toujou ap envite lòt atis ki vinn asiste bal yo sou stage, ebyen pandan yo te envite King Kino pou li chante, lè li te pran Mic la, men ki pawòl oubyen lyrics li te depoze… ” Yon vòlè pase lakay li, yo vòlè kouròn li, bare vòlè, bare vòlè ”

kino vs arly

Nou pap kouri voye monte, nou pap kouri di sa ke Kino pat di, men si gen yon kesyon nou te kapab poze, ebyen n’ap di, èske se pa ak Arly Kino ap pale? Depi apre gwo tonton bal ki te fèt nan Amazura, kote tout media, tout fanatik, menm anpil mizisyen te fè konnen ke Nu Look te bat Klass, HMI la pran yon gwo soukous, Hmi la pa menm jan ankò. Daprè sa Arly, maestro Nu Look di, se pa li ki deklare tèt li kòm King, se fanatik, se pwomotè, se mizisyen ki ba li tit King lan pote. Yo wè, malgre tout sak pase Arly ak Nu Look, djazz la pa janm chavire, Gazman kite, djazz la toujou ap fonksyone, Pipo kite, djazz la toujou ap fonksyone, Ralph Conde kite, djazz la toujou ap fonksyone, moun di ke djazz la pral kraze, djazz la toujou la, moun di ke Arly paka kanpe devan djazz, li kanpe, etc…

[su_youtube url=”https://www.youtube.com/watch?v=-Cg_nSXMZ1M”]

Nan yon foto ke King Kino poste sou page facebook li, li mete yon kouròn sou tèt li tou, ki vle di, li se king lan, nan lyrics li depoze lè l t’ap chante sou stage Klass la, li di yo vòlè kouròn li, li vle di ke li se vrè King lan. Si nou ka adisyone 1+1 bagay yo ap fè plis sans, nan HMI la, gen yon sèl atis ki ap flannen ak yon kouròn sou tèt li, epoutan gen 2 atis ki gen king devan non yo, se King Kino ki gen King nan non li depi lontan, epi kounye a, genyen King Arly ki gen King devan non li.

romeooo

Si tout moun k’ap swiv HMI la pou yon bon ti tan la vle pale, yo tout ka di, pou moman, flanm dife a, buzz, kiryozite a, se nan men Arly Nu Look li ye, se sa ki fè genyen anpil pale anpil, anpil voye monte, sitou chak kote Nu Look pase, yo toujou plen tankou ze, si sal la pa gen tròp moun, se moun ki rete deyò, e chak fwa Arly poste yon foto, li mete King devan li, #KingArly

king arly

Nou pap ale twò lwen pou nou al di se jalou King Kino jalou, paske tout moun konnen lè Kino ap depoze, pagen rans nan sa, li gen vwa, li konn anime, li gen talan, li ka fè moun kriye, men nou ka di, se swa l’ap pwofite de okazyon sa pou li jwenn yon ti chalè oubyen l’ap chèche pou Arly reponn li, oubyen se paske li vle se sèl li ki pou toujou rete King nan HMI la. An bon verite, King pa janm renmen pou yo pèdi kouròn yo.

nu look