BROOKLYN, NY – Dimanche ki te 15 Juin yon group Haitien t’al manifeste devan legliz Saint Jerome nan Brooklyn kont Cardinal Chibly Langlois, jis paske li sipòte prezidan Martelly nan El Rancho. Manifestan yo fache paske yo kraze kay yo nan Rue de la Reunion, Rue du Centre. Daprè sa yo fè konnen, gouvènman kraze 300 kay yo sèlman dedomaje 17 moun.

PLI ATIK SA TOU: Plis move nouvèl pou Brezil Neymar poko konnen si li ap ka jwe match kont Colombie an

[su_youtube url=”http://youtu.be/z4KKMvFWVOw” width=”720″ height=”520″]
Yonn na manifestan yo fè konnen, gen yon jounalis ki te poze prezidan Martelly yon kesyon, li reponn li kon sa, al lwe yon kay lè yo sou kabann ansanm jounalis lan a poze li kesyon an. E tout sa te pase nan yon radio pandan oditè ak oditris t’ap koute radio an andirèk.

Yon fi nan manifestasyon an fè konnen Martelly se mechan li ye, li ak gason li ak fanm, ou pa konn ki bèt li ye. Li fè konnen li menm se Haitien li ye li p’ap vann peyi li.

LI ATIK SA TOU: Fanatik Brezil pran lari pou selebre gro viktwa yo pran sou Chili a (VIDEO)

Se te yon ti group, ki te gen panntak nan men yo. Te gen nan pannkay yo ki make “Aba tout mèsenè ak mafya”. Men malgre tout sa ki t’ap pase devan legliz lan sa pa te anpeche Cardinal Chibly Langlois te kontinye selebre mès lan, nan legliz Saint Jerome.

manifestan-nan-Brooklyn