BRAZIL 2014: Lejand foutbolè Ajanten an Diego Maradona fè konprann ke trofe FIFA bay a Lionel Messi an kòm meyè jwè pou mondyal la <>. E li menm fè konnen ke se yon <> yo vle fè.

Selon Maradona li fè konnen ke Messi pa merite balon Dò an pou mondyal 2014 lan. “Messi? Si mwen te ka ba li paradi mwen t’ap ba li’l, men li pa nòmal pou yon jwè ranpòte yon prim ke li pa merite.” Fò ou konnen ke balon Dò nan konpetisyon an, se yon trofe ki sponnsorize pa ADIDAS, e se yon mak ki lye a Pulga. Maradona di li pa fè sans pou chwazi Messi sou, James Rodriguez, Arjen Robben oubyen Thomas Müller, Apre 4 gòl ak asis ke li fè, men nan match eliminasyon yo li pa montre plis ke jwè sa yo, sa etone anpil moun k’ap gade e se byen si, ke Jounalis yo pa te gen chans pou yo te vote pou mondyal sa a.

LI ATIK SA TOU: Fanatik Brezil pran lari pou fè antèman Argentine apre yo te pedi koup lan ( VIDEO )

maradona messi

Maradona fè konnen tou “Li vrèman tris pou peyi’l. Gòl Mario Gotze fè an se yon kout kouto nan kè. Argentine merite pou li t’ale nan pènalite. Viktwa Allemagne soti sou defans lan. Li pa konprann chanjman Lavezzi a, li te vrèman fòmidab sou lèl li t’ap jwe an. Kun Aguero pa te arive fè menm travay la ke li t’ap fè an. Se pa sa ou rele konpetisyon.”

-ANMWE