NEWYORK, NY – Lajistis nan New York akize Eddy Alexandre, yon biznisman nan New York, pou fwod. Alexandre ta swadizan ranmase plis pase $ 59 milyon dola apre li te pwomèt moun ki envesti nan platfòm li an ke lajan yo t ap double nan 5 mwa.

Dapre yon plent kriminèl yon tribinal federal Manhattan resevwa, Eddy Alexandre, 50 lane, ta garanti tout envestisè 5% benefis chak semèn sou platfòm li a, EminiFX.

Benefis yo ta varye ant 5% e 9. 99% chak vandredi. Nan yon reyinyon sou Zoom ki te dewoule 28 avril pase a, Alexandre ta fè envestisè yo konnen si yo envesti mil dola, “yo ta dwe vin milyonè nan 3 zan.”

Men, otorite lajistis yo di misye Alexandre pa t envesti pi fò nan kòb li te ranmase a e li pèdi plis pase 2 tyè nan 9 milyon dola li te envesti nan aksyon ak deviz etranjè, e non pa nan lajan kripto, jan li te pwomèt sa. Ansuit li detounen omwen 14 milyon 700 mil dola ke li depoze sou kont an bank pèsonèl li.

Sanble Mesye Alexandre ta itilize 155 mil dola nan lajan envestisè yo pou l achte yon machin BMW epi li siyen yon chèk 10 mil dola pou Mercedes Benz.

Otorite yo arete Alexandre jedi 12 me 2022 anba akizasyon deske li komèt fwod elektonik ak fwod pou posede “bien de luxe”. Si lajatis jwenn li koupab, li ka pran kòm pèn maksimòm respektivman 20 tan ak 10 tan prizon.

Avoka gouvènman an, Damian Williams, pibliye nan Manhattan yon deklarasyon kote li anonse akizasyon yo. Li lanse yon avètisman kote li di: “Envestisè yo ta dwe fèt atansyon ak fwod kote moun fè fo pwomès kòmkwa y ap vin rich rapidman; souvan pwomès sa yo twò bèl pou se laverite.”

Source/VOA
Photo/Archives
www.anmwe.com