RELATIONSHIP – Se ki laj ou? Ou poko marye, ou pa gen mennaj, ou pa gen filè, pwoblèm… Bon ki lè w’ap fè zafè menm? Depi ou tande grann, matant, gran matant, fanmiy kòmanse ap poze ou kesyon sa, konnen bagay yo pa bon nan men’w. Sa pa vle di doub 6 fin mouri nan men ou nèt men ou menase.

double6-dominoes

Lavi yon fi trè misterye, yo pare bonè, e konsa tou yo antre nan retrèt bonè. Se yonn nan rezonn ki fè vi yon fi ak vi yon gason pa menm. Lè yon jèn fi gen 15 zan sevòl deja plis devlope sou afè seksyèl ke yon jèn gason 15 zan. Sa pa vle di ti gason an p’ap panse de sex non, men fi an jwenn lòt gason ki plis aje, ki plis gen eksperyans abòde li. Sa vin koz fi an pa wè gason ki nan laj adolesan parèy li an, men li plis wè pito gason ki konnen de afè renmen, de sex lan. E yon lòt rezon ki fè fi an pa al nan ranse ak gason ki nan laj li an, se paske ti mesye sa yo bava anpil. Yo pale tròp, si yon bagay ta pase antre yo, jèn ti gason an plis gen tandans al di zanmi li sa, epi non jèn fi an vin pran lanri.

Yonn nan bagay fi toujou ap chèche se sekirite, tout jan de sekirite. Fi an renmen li gen yon moun ki ka pwoteje li, si yon bagay mal pral rive li. Lòt bagay jèn fi toujou gen plis matirite ke jèn gason. Se yonn nan rezon ki fè Ozetazini asirans machin pou yon jèn fi toujou pi ba ke pou gason. Yon jèn gason kòmanse vle gen yon seri de matirite jis lè li kòmanse gen 25 kan, e malgre sa a li gen pou li fè anpil vye chwa toujou. Yon jèn fi ki gen 19 gen plis matirite ke yon jèn gason ki gen 25 kan. Lè yon fi rive nan laj 22 a 25 kan, li deja gen laj pou li yon madanm marye. Pou yon gason laj sa yo, se laj pou li fè voksal li, laj pou li gen plizyè mennaj, kouri lari an. Sa pa vle di li pa ka gen yon fi li renmen anpil non, men anpil fwa li poko wè maryaj.

Lòt bagay gason gen yon tandans renmen fi ki jèn, toutan li pi jèn li parèt pi bèl nan zye gason an. Konsidere yon fi se yon flè, lè yo fèrent koupe li, li fre tou moun dèyè’l, kan kèk jou kòmanse pase, malgre li nan yon vaz dlo, sa p’ap anpeche li fennen, kan li fennen, li te gentan merite ranplase. Alò si li deja fennen depi nan men machann nan, ou mèt rete kwè l’ap vrèman difisil pou yon moun achte’l, men sa pa vle di yon moun paka pran li, men chans lan vin vrè minim. Chans yon moun se nan pla men’l ak plat pye li sa rete, sa vle di chans yon fi ka rive nenpòt lè, depi pye’l mennen’l kote moun pa li an ye an.

Depi yon fi rive nan 25 kan, si ou poko marye ou poko fiyanse, li bon pou ou leve pye’w. Si’w nan relasyon, li bon pou ou konnen ki kote nèg sa kanpe avèk ou, si ou gen plan pou ou marye, epi gen yon fanmiy. Bagay plezantri fini pou ou, li bon pou ou kòmanse pran vi’w nan men. Ou toujou jèn wi, w’ap toujou gen demand, se jis ke li bon pou sispan ranse ak ti moun, chèche yon moun ki plis gen matirite lakay li, e an menm tan ki vle gen yon konpanyon nan vil, e ki vle fè bagay serye ak ou.

Lè ou gen 27 tan, si ou te konn ap chèche bèl gason, gason bèl vant, konn abiye, li bon pou ou pa bay bagay sa yo tròp enpòtans. Si ou pa gen yon karyè, retounen lekòl al aprann yon bagay. Li te mèt se koutiryè al aprann li. Paske la lè ourive yon kote w’ap wè se lè mwen aje de ou menm k’ap jwenn yon seri de atansyon. E ou menm w’ap kòmanse resevwa atansyon nan men mesye ki pral al atake karantèn, sa ki deja nan karantèn, senkantèn. Sa ki pwòch a laj ou yo pa si tèlman wè’w. Yonn nan rezon ki fè sa ou vin parèt ou gen twòp matirite pou yo. E paske ou nan laj sa, w’ap chèche yon moun pou ou fè vi’w, lè yonn apwoche’w ou pa menm ba li chans pou li konnen’w ou gentan ap pale oubyen poze li kesyon de fanmiy, se konbyen ti moun li renmen genyen, bon bagay sa fè gason pete kouri.

28, 29 an, ou te mèt fè tèt cho paske, manman, papa, matant, tonton, grann, zanmi, frè, sè ap pale de ou ki poko marye. Se grann ki pray tiye bagay la nèt, li gen pou li tann lè gen yon ti fèt, tout fanmiy reyini, epi ou menm ou byen abiye epi’w ou sèl. Ou konnen grann kòmanse tande di, li gen pou li di byen fò, “Bon entèl ou p’ap fè zafè”. Ou wè la ou mèt kòmanse panike. Paske la tout fanmiy la gen pou chèche konnen ki laj ou. Kouzin sa marye, ti sè’w marye, pitit vwazen an marye, e ou menm ki pi gran ke yo tout po ko marye. Ou wè lè ou rive nan laj sa yo, li kòmanse make nan figi’w. Ou gen yon venn ki pa te konn la ki pou di li la nan figi’w, paske ou kòmanse ap strese. Pa di si ou soti nan yon fanmiy ki pa gen bon ten, menm makiyaj kòmanse pa ka ede’w. Ou wè la kòmanse pa gen anpil bout 6 deyò pou ou. Bote’w kòmanse fennen, oubezwen yon lòt bagay ki ka atire gason sou ou. Se swa ou gen yon karyè, ou gen yon bon djòb, paske nan laj ou ye la, ou pa ka vin yon chay pou gason an.

O… 30 tan monte sou ou, menm selebre ou pa te vle selebre anivèsè’w. Woup, ou wè yon grenn cheve blanch. Grenn cheve sa gen pou li toumante’w. Ou gen pou di bon se pa ayè m’ te fèt. Ou vin pa wè ou menm ki pou al nan club konnyea ou kòmanse wè se pou’w chanje vi’w. W’ap priye maten midi swa. Ki se yon bon bagay pou vi spirityèl ou. Konnye a ou gen pou wè se yon pakèt gason ki te ka papa’w k’ap vin blage’w. Men grosè vant yo, pantalon yo anba kè yo, oubyen yon seri de gason ki nan laj gran moun yo, k’ap pran pòz jèn gason. E lè yo rive nan club yo panse se yo ki pi byen abiye. 31, 32, 33 zan, la ou anreta anpil, premye pitit ou ta dwe gen 7, 8 tan konnye a, konnye a ou pa menm konnen si w’ap ka fè ti moun, se yon fanm nwa ou ye, ou ka gen fribòm.

Konnye la vi spirityèl pote’w ale nèt, se al travay, al legliz, depi gen jèn yon kote ou la. W’ap priye maten midi swa. Pastè a, pè a menm ap preche mande kote jèn fi ki bezwen mari, Bondye ap ba ou yon mari, e se pa nenpòt gason, se yon bon gason. 2 ran dlo nan zye’w ou leve men’w anlè w’ap louwe Bondye. Ka grav, men depi gen lavi gen espwa, yon jou priyè’w ka reponn.

Ou menm yon fi ki gen 34, 35 kan, li vrèman difisil pou ou jwenn yon gason antre nan vi’w, vin marye ak ou. Ou kapab toujou gen prestans ou sou ou men jan ou vin panse vin fè bagay yo vin pi difisil pou yon gason rete avèk ou. Ou vin ap siveye pou gason pa pran avantaj de ou. Paske tout sa gason an pral di’w ou tande tout deja. Lè li di’w yon bagay ou pa kwè li. Ou vin pa gen pasyans ankò, ou vle tout sa k’ap fèt, fèt konnye a. Gason k’ap vin pale ak ou se mouche marye, divòse, gason ki deja gen ti moun, e pou tèt pa yo, yo pa vle ti moun ankò, paske yo pran tròp move kou nan men fi sou afè ti moun. Sa vin rann lavi ou difisil.

Alò de tout fason doub 6 la mouri nan men’w. Men ou gen yon espwa toujou wi, kontrole konbyen pwen ou gen nan men’w petèt ou pa va chyen nan jwèt la. Anpil jèn fi fè erè sa, lè yo jèn yo resevwa yon pakèk atansyon nan men gason. Tèt yo vin gro, panse se yoki pi bèl fanm ki eksizte sou latè. Y’ap di yo jèn, yo gen tan, yo pa prese. Nan pa prese yo, jou, semèn, mwa, ane pase sou yo. Lè yo vin gade nan mont yo, yo wè li trèzè. Si ou chita gade a ki laj manman’w te fè’w, te gen tan marye, te gen tan gen yon pakèt resonsablite, ou pa t’ap janm di w’ap gen tan. Pa gen laj moun pa marye, si li pa rive pou ou ane sa petèt la rive lòt ane, espwa fè viv.

Atik sa ekri pa ANMWE SEKOU