LOVE & SEX – W’ap fè lannou ak mari’w, e l’ap byen jere’w tou den kou, ou di mari’w kanpe, kanpe, kanpe… si li pa kanpe w’ap pipi sou ou. Wa sezi konnen konbyen fwa ou anpeche tèt ou ejakile. Ejakilasyon pou fi rekonèt sou fòm de yon dlo ki jayi oubyen yon gouch dlo an anglè yo rele sa a “gushing or squirting”

Ann di ou ap fè sex ak mennaj ou, l’ap byen frape yon kwen, tou den kou, ou santi ou gen yon pipi ou pa ka kenbe ankò, epi ou di mennaj ou kanpe, kanpe, kanpe, si li pa kanpe ou ap pipi sou ou. Ebyen ou apèn kanpe tèt ou fè yon eksperyans de yon fenomèn ki rele, ejakilasyon fanm. Ebyen pa fè sa ankò, si se yon tapi pou mete sou kabann ou avan ou fè lanmou, mete li, paske se pa pipi ou genyen vre se “voye ou pral voye”.

Se ki sa ejakilasyon fanm ye menm? Ejakilasyon fanm se yon likid ki soti nan POINT G (G-SPOT), e li sekrete pa “glandes Skenes / para-urétrales par l’urètre avant et / ou pendant l’orgasme”. Malgre likid ki soti pandan ejakilasyon fanm soti nan l’urètre, men mete nan tèt nou se pa pipi li ye. Likid sa se fi k’ap voye, e li soti nan kanal ki alantou l’urètre, men li pa soti nan sak pipi an. Rezon ki fè anpil moun ka panse se pipi li ye se paske pafwa li konn pase monte nan sak pipi an, e sa rele “l’éjaculation rétrograde”. E paske ejakilasyon fanm ka melanje ak pipi, e pafwa li ka menm genm yon seri bagay ke pipi gen tou, anpil moun panse se pipi, men se pa vre.
Ejakilasyon fanm nètman diferan de pipi. Likid vajinal nòmal lan ka varye de diferan faktè, tankou nan gou, odè, koulè epi konsistans, sa depann si li gen règ, nivo òmón li, manje li te konsome, si li gen yon enfeksyon, etc… Tandiske ejakilasyon fanm trè konsistan nan gou, odè, ak koulè. Li gen yon odè sikre, yon likid ki sou fòm dlo. Li pa menm jan ak likid lè fi an mouye pandan l’ap fè sex akoz de eksitasyon, oubyen lè fi an gen yon Orgasme.

 

Se ki sa ki la koz yon fi ejakile? Pandan fi an ap eksite seksyèlman POINT G an vin elaji, epi tissu ki alantou l’urètre vin angòje ak san, glandes / para-urétrales de Skene yo kòmanse ap pwodwi epi li vin plen ak likid. Avèk presyon dwèt, jwèt seksyèl, penis, oubyen kontraksyon pou yon orgasme, pouse likid sa soti nan ouvèti l’urètre lan sa vin koz ejakilasyon an. Kantite de likid ki soti sa ka varye de yon fi a yon lòt, men an jeneral li ta dwe 2 kiyè tab. Tout sa depann eske fi an gen anpil dlo nan li oubyen eske li pouse anpil.

Eske tout fi ka fè eksperyans ejakilasyon fanm? Tout fi gen glandes de para-urétrales / Skene, sa vle di tout fi ka pwodwi likid sa , e ka arive gen yon ejakilasyon fanm. Kiryezman anpil fi fè eksperyans ejakilasyon feminin pandan y’ap fè sex, men akoz yo pa konnen sa k’ap pase yo, yo koupe’l jis paske yo pa vle pipi sou mennaj yo. Krentif sa yo genyen an fè yo fèmen Muscle PC (pubococcygeus muscle) ki vin anpeche yo kite likid lan soti. Enkapasite pou moun nan detann li, koz li anpeche pouse pou li ejakile. Enkapasite sa rive jeneralman de sa moun sa pa konnen konsènan de seksyalite, anbarasman, tò oubyen kilpabilite, e sa li pa konnen de sistèm repwodiksyon fanm, li pa antre nan kontak ak pwòp kò li, li pa gen yon konpreyansyon pwofon de ejakilasyon fanm, li manke koneksyon e/oubyen konpatibilite seksyèl avèk mennaj li, e sousi.

Se kouman pou yon fi ogmante chans li pou li gen Ejakilasyon Fanm? Premye sa pou ou fè, sispann fòse tèt ou, tankou al eksplore tout bagay ki nouvo nan eksperyans seksyèl ou. Li bon pou ou travay sou li, men sispann bay tèt ou pwoblèm de sa oubyen mennaj ou, pa fè’l vin tounen yon objektif nan vi seksyèl ou. Lè ou vin fè’l yon objektif pou ou jwenn li nan vi seksyèl ou, ou vin li rann pi difisil pou ou, e pou mennaj ou tou. Paske lè ou ap fè sex ou vin si tèlman ap fokis sou sa, sex lan vin pa gen cham la dan. Alò jis detann ou e laissez faire.

Konsantre Muscle PC – Lè ou ka kontrakte epi lache Muscle PC ou, sa ka ede ou vin gen yon ejakilasyon fanm.

Ajoute stimilasyon klitoris avèk Point G stimilasyon – Lè ou itilize plizyè fòm de stimilasyon sa ka fè’w vin plis eksite seksyèlman.

Konnen kote point G ou ye – Eseye itilize yon point G stimilatè pou ka lokalize ki kote li plase. Jeneralman Point G an ap vin pi fasil pou ou lokalize apre ou genyen premye Orgasme ou.

Eseye pipi avan ou kòmanse fè sex – Pipi avan ou fè sex ap plis ede’w pa bay tèt ou pwoblèm de pipi sou mennaj ou.

Konsantre epi pouse lè ou santi ou pral vini, tanke w’ap fèmen janm ou – Sa ap ede’w pouse deyò nenpòt likid ki nan glandes Skenes / para-urétrales yo. Pou nenpòt rezon pa sispann pouse, jis kite likid lan soti. Orgasme lan ap trè entans e trè agreyab.

Pale ak yon pwofesyonèl ki ka ba ou konsèy sou sex, li ka di’w sa ki anpeche’w ejakile – Ka gen yon pi gro pwoblèm ki bloke’w jwi dezi seksyèl ou.

Pwochèn fwa w’ap fè sex, si se yon tapi pou ou mete sou kakann nan, pale ak mari’w, mennnaj ou, si li mouye se pa pipi li ye. Si’w santi ou gen pipi jis pouse li deyò – sipann panse ou pral pipi sou mennaj. Pou ou ka pi alèz toujou al pipi avan ou kòmanse fè sex. Mete’w konfòtab jis kite kò’w kontrole aksyon’l epi jis jwi eksperyans ou santi an. Pale ak mennaj ou mete li alèz. Alò al jwi tèt ou, e mete nan tèt ou se yon destinasyon tout fanm dwe rive ladan, espesyalman ou menm.