Dajabón, Rep Dominicaine – Otorite repiblik Dominikèn ap envestige lanmò yon jèn fi Haitienne yo trouve toutouni kote yo te ba li yon bal nan tèt, nan yon zòn vijilan ap siveye nan Dajabón, ki se yon provens nan Sen Domeng ki fè lizyè avèk Wanament ki sitiye nan Depatman Nòdèst an Haiti.

Polis fè konprann yo pa ka konn ki moun jè fi an ye, paske yo pa jwenn ankenn dokiman sou li, ki ka idantifye li. Doktè José Manuel Rodriguez fè konnen ke yo vyole jèn fi an avan ke yo te tiye li. Otorite Dajabón yo òdè pou yo voye kò jèn fi an ki ka nan laj 25 a 28 tan nan enstiti jistisyè nan Santiago, pou yo ka fè Otopsi li. Nan menm zòn kote yo trouve kò jèn fi an, yo trouve pati kò lòt Haitien yo te tiye la tou, sa prouve se yon zòn vyolans ki la.

Jèn fi ki pedi lavi'l nan Dajabon, Rep Dom.

Jèn fi ki pedi lavi’l nan Dajabon, Rep Dom.

Zòn sa a, se yonn nan zòn anpil Haitien ki vle antre SenDomeng san papye pase, pou yo k’ap antre nan repiblik Dòminikèn. Jiska prezan pa gen otorite Haitien ki parèt menm, daprè M. Surfin. Li fè konnen li eseye fè konsila Ayisyen ki nan Dajabón konnen sa ki pase an, men pa gen yon moun menm k’ap travay nan konsila ki parèt tèt yo. Gen moun ki afime ke yo te wè jèn fi an nan kòmansman semèn nan, nan Wanament.

Daprè Firdwisse Surfin ki se responsab seksyon vijilans òganisasyon dwa moum, solidarite fwontalye, fè konprann majorite jèn fi Ayisyèn k’ap antre Sendonmeng pa Vigia san papye Dominiken vyole yo. Li di se tout tan lè Ayisyen bezwen Konsil Ayisyen ki nan Dajabon Madam Thérèse Laguerre avèk tout vis konsil li yo, yo pa janm vle antre nan ankenn ka, depi se yon ka yo panse k’ap trò cho pou yo, kote y’ap bezwen asitans yo pou yo vin defann Haitien. se toujou konsa.

Other Source: http://www.laopinion.com/
Photo Source: http://nordestinfo.blogspot.com/