West Palm Beatch, FL – Horacia Simeus ki te gen 27 an, yon jèn fi ki te gen plis ke 6 zan nan yon relasyon ak Youvens Madeus ki gen 24 ane. Relasyon an se yon relasyon ki pa te vrèman solid paske te toujou gen diskisyon, batay, yo te kite plizè fwa. Youvens Madeus se yon jèn gason ki trè vyolan, li toujou ap fè ti dam nan gro menas, dèfwa, li konn fann kawoutchou machinn dam nan anba kout kouto. Daprè lapolis ak fanmi viktim nan, Youvens Madeus rache ti dam nan anba kout manchèt pandan li te ansent jis paske Horacia Cimeus te fatige avèk relasyon, li te mande kite.

Daprè sa Youvens di polis, li fè konprann li te oblije tiye Horacia pou li te ka kontinye avèk vi li.

Youvens madeus ak mennaj li

Source: http://www.palmbeachpost.com/news/news/crime-law/pbso-man-killed-girlfriend-with-machete-while-she-/ndbj5/