universite-ogrencileri-kaza-yapti-2-olu-4-yarali-8881105_6698_m

Maten Vandredi 21 Oktob 2016 la, yon etidyan Ayisyen ki rele Martineau Pierre mouri nan yon grav aksidan machin ki fèt sou wout Konya, Isparta nan peyi Tiki. Machin nan te gen 4 lot etidyan ladan, etidyan Ayisyen an mouri sou plas, yon etidyan Sant Afriken mouri lopital epi lot 3 etidyan yo nan bon jan swen pou moman an.

Ayiti pèdi yon kokenn grenn etidyan nan 4èm ane nan Jeni Sivil nan Inivèsite Süleyman Demirel nan vil Isparta, Tiki. Ki te chaje ak bon jan ide k’ te ka ede nan chanjman peyi a. Pou moman an lot etidyan nan vil la ap fe demach pou pran kò a. Men daprè enfòmasyon k’ rive jwenn nou, leta Tik yo ta mande otorizasyon yon reprezantan Ayisyen pou yo kapab bay kò a. Etidyan yo pa konn kisa pou fè paske Ayiti pa gen okenn reprezantan an Tiki.

N’ap rete nan kontak ak reprezantan yo pou plis enfo. Nou swete paran ak zanmi defen an kondoleyans…

 

Sous:

http://www.sondakika.com/haber/haber-isparta-da-trafik-kazasi-2-olu-3-yarali-8881787/