CABARET, Haiti – Samedi ki te 1 Mars, Sou rout nasyonal Nimero 1, pou ale Gonaives, kote anpil moun ap pase ki soti Port-au-Prince pou ale nan KANAVAL gen yon moun ki pedi lavi li. Yon machin te frape li, ebyen li mouri. Leta nan zòn nan pa te fè ankenn efò pou te leve kadav lan atè a. Lè moun nan zòn nan remake ke kò an te kòmanse ap chanje nan yon eta dezagreyab ebyen yo te bloke rout lan, pou anpeche machin sikile, pou yo te kapab pran atansyon leta nan zòn nan pou yo te vin retire kadav lan atè a.

Machin ki nan blokis paske moun nan zòn nan bare rout lan pou pran atansyon leta pou vin retire kadav lan

Machin ki nan blokis paske moun nan zòn nan bare rout lan pou pran atansyon leta pou vin retire kadav lan

Akoz rout la ki te bloke gen moun ki te desann machin yo te ladan al gade. Moun nan zòn nan te kouvri kò an avèk branch bwa, ak pay. Sa ki grav lan, pa gen moun ki konnen ki machin ki frape e tiye moun sa a. Moun sa mouri pou zye’l, fanmiy li ki pedi. Malgre an Haiti, li trè difisil apre yon machin fin frape oubyen tiye yon moun pou li kanpe, paske gen nan zòn sa rive moun nan zòn nan ap boule machin nan e menm ka rive tiye chofè an tou.

Yon moun ki atè an kouvri ak branch bwa e ak pay, moun kanpe ap gade

Yon moun ki atè an kouvri ak branch bwa e ak pay, moun kanpe ap gade

Moun ki desann machin vin gade kadav lan atè a

Moun ki desann machin vin gade kadav lan atè a

Kote enpak lan fè an. San moun nan tè a

Kote enpak lan fè an. San moun nan tè a

Kadav lan.

Kadav lan.