PEMBERTON TOWNSHIP, N.J. –  Kim Dorvilier, yon jèn manman de 22 zan limen dife sou pwòp pitit li tou vivan. Daprè sa otorite nan zòn lan fè konprann,  Vandredi swa, yo resevwa yon apèl apwopo de yon dife ki limen nan mitan yon lari, lè yo rive sou sèn lan, yo jwenn yon ti bebe tou vivan ki ap boukannen anba yon gwo flanm dife.  Lè yo wè sa, yo kouri etèn dife a sou ti bebe a, men prèske tout kò ti bebe a te gentan boule anba dife sa, men li pa’t ankò mouri,  yo tou kouri avèk li lopital, ti pitit la t’ap respire, malerezman, 2 èd tan apre ti bebe a  rive nan lopital la, li mouri.

Dave Joseph, ki se yon rezidan nan zòn lan di ” The Burlington County Times ” ke li wè yon jèn dam soti nan yon machin epi li mete dife sou yon bagay nan mitan lari a. Lè l wè dife a, li di dam la, etèn dife a,  dam lan di li se ” poupou chen ” ke li t’ap boule. Lè madanm Dave Joseph pran yon boutèy dlo epi li ale pou li vide sou dife a, li wè se yon ti bebe ki ap boukannen nan mitan boukan dife a. Daprè sa Dave Joseph di ankò, menm si yon moun te gen kè di, sa se yon move rèv. Li di li swete dam lan te jis lage ti bebe a devan pòt kay li epi li t’ap pran swen ti bebe a.  Dave Joseph di, dam lan te trè calm, men apre yon ti tan, li panike, epi li eseye wè si li te ka kouri kite sèn lan, men Dave ak madanm li kenbe l epi yo rele lapolis.

Menm Vandredi swa sa, lapolis te tou arete Hyphernkemberly Dorvilier epi ale avèk li nan prizon. Lapolis di y’ap envèstige pi plis sou dosye sa pou wè pou ki rezon ke manman pitit sa rive fè zak sa. Yo pa bay laj ti pitit la, men se yon ti pitit fi.

kim-dorvilier3

Baby Burned

Source: http://news.yahoo.com/authorities-baby-found-fire-jersey-roadway-175010843.html