Pòtoprens – Yon Ansyen etidyan nan ane 80 yo depoze plent nan lajistis kont ansyen minis Ayisyen Evans Lescouflair. Plent la gen pou we ak lé ansyen minis la te pwofesé nan yon lekol ki tré pretisje an Ayiti. Ansyen etityan an deklare ke minis la te konn vyole li.

Claude-Alix Bertrand akize Evans Lescouflair, kom kwa lè li te gen 11 zan minis la ki te pwofesé l a lekpòk te vyole l plizyé fwa, e li te abize l.

AFP eseye rantre an kontak ak Mesye Lescouflair men li pa t reponn imedyatman demann AFP.

Dapre dokiman ki nan plent ki devan tribinal la , Claude-Alix Bertrand ta sibi “abi fizik, seksyèl ak moral anba men Evans Lescouflair pandan prèske dezan”.

Claude-Alix Bertrand ap viv Kalifòni kounyea e li vin tounen yon anbasadè bòn volonte pou UNESCO pou sektè touris ak spò an Ayiti. Li te temwaye pou premye fwa sou swadizan zak vyolans sa a pandan yon videyo konferans nan yon emisyon an dirèk sou entènèt la nan mwa mas 2022 a.

Kòd penal kriminèl ayisyen an prevwa prizon a vi pou vyòl yon minè ki poko gen 15 an.
Apre plent sa a, yo te envite Evans Lescouflair pou l parèt nan biwo komisè Pòtoprens la jedi.

Sous/VOA Kreyòl
Foto/Achiv/AP
www.anmwe.com