BREZIL – Pandan ke lakay pa bon, malere ap kouri kite’l pou al chèche la vi lòt bò dlo, ebyen gen yon pakèt konpatriyòt nou ki te kite Haiti pou al chèche la vi nan Brezil, apre tranbleman tè a an 2010, ebyen yo an esklavaj.

Malgre Haitien sipòte Brezilyen anpil sou afè foutbòl, ebyen lè yo rive lakay yo, yo pa byen resevwa yo. Brezilyen ap konstri yon milti milyon dola stad pou koup du mond lan, gen konpayi ki pran yon pakèt ti Ayisyen k’al chèche lavi miyò, lòt bò an fè yo ap travay preske pou anyen. Daprè yon envestigasyon ke MIRROR fè, ki se yon konpanyi jounal ki lokalize an LOND, ANGLETE yo fè konprann ke yo sèlman ap peye Ayisyen sa yo sèlman $8 dola pou 10 zèd tan (10 hours) pa jou, pou yo ka fini nouvo stad k’ap konstwi nan Manaus “Arena Amazonia” kote Angletè gen pou jwe premye match yo avèk Italy 14 jwen, pou “Coupe Du Monde” lan.

Exploited: Haitian refugees Onik, Jean-Michel and Ronain

Exploited: Haitian refugees Onik, Jean-Michel and Ronain

Apre tranbleman tè a, Brezil te ouvè pòt li pou anpil Ayisyen, ki te bezwen travay te ka vini, gouvènman te ba yo papye pou yo te ka travay. Lè yo rive Brezil se pa sa yo te panse a li ye. Ou jwenn anpil Ayisyen k’ap travay nan nouvo stad y’ap Konstri a, pou plis ke 277milyon dola ($277, 241, 513). Ebyen lè travayè Brezilyen yo te antre nan grèv la, yo fè Ayisyen yo travay plis tan, e pi rapid pou mwens lajan. Yo fè yo pote chay lou, al pote jis an lè, e ap rele dèyè yo fè vit, fè vit; epi ap menase yo ke y’ap revoke yo si yo pa fè rapid. Yo menm ap konplenn si Ayisyen al bwè ou byen al itilize twalèt. Gen sa ki ap travay yo pase plizyè semèn san touche, e sa ki touche se yon ti kras yo jwenn de sa yo te di yo t’ap peye yo.

Yon pè ki sipòte Ayisyen yo, pè Felimon Rodriguez fè konprann ou jwenn yon pakèt konpanyi ki pran Ayisyen fè yo travay nan eta mizerab, epi yo pa peye yo. Li fè konprann gen yon konpayi ki te pran 18 Ayisyen pou travay pou yon mwa, lè yo rive al touche yo pa vle peye yo, yo jis ale ki te vil la. E anpil Ayisyen sa yo ki pa pale Pòtigès, e ki pa konn dwa yo, konpayi sa yo pran avantaj de yo

Yon reprezantan pou Arena Amazonas fè konprann ke li pa te o kouran de sa k’ap pase a, e anpil travay nan stad se lòt Konpayi ki gen kontra sa yo. E l’ap difisil pou prouve sa Haitien yo di a gen verite la dan.

Big job: The Arena Amazonia under construction in Manaus

Big job: The Arena Amazonia under construction in Manaus

Source: http://www.aninews.in/

Source: http://www.aninews.in/

Source: http://www.mirror.co.uk/

Last image source: http://www.aninews.in/