LOVE & SEX – Se bagay ki pi di lè yon fi nan relasyon li aprann moun li ansanm avèk li an gen yon lòt moun l’ap fè sex ak li. Men sa ki pi move an se paske nèg lan pou tèt pa li, li pa vle pèdi moun li ansanm avèk li an non plis. Pafwa tantasyon pran kontwòl tèt moun sa ki fè li fè aksyon sa a. Avan ou panse kite’l, chèche yon solisyon pou ranje relasyon an. Si ou rive padone’l, padone’l tout bon. Pa pote sa ki te pase an nan ankenn lòt diskisyon nan fiti.

cheating-man

Ou menm ki marye, ou menm ki nan relasyon avèk moun sa pou anpil tan, èske l’ap pi bon pou kraze relasyon sa, epi rekòmanse a zero, ou byen rete ak nèg ou padone li, epi kontinye ak vi nou.

Rezon pou pa kraze relasyon sa a.

1) Kraze yon relasyon paske yon nèg fè sex sou ou, pou la premyè fwa, se yon erè, pa gen moun ki pa fè, tantasyon pafwa anvayi moun sa ki fè sa rive.

2) Ki te moun ou konnen pou anpil tan, pou erè li fè an, al pran yon lòt moun se konbyen pousantaj ou panse moun sa w’al pran p’ap fè menm sa nèg ou an te fè an. An majorite de fwa nouvo moun sa ou pral pran ap fè li tou.

3) Ou deja konn tout move mès, tout bon kalite nèg ou an, al pran yon lòt moun se al aprann tout yon lòt pèsonalite, e nan long ou ka pa ka viv ak li. E an plis ou pa konnen entansyon’l. Si ou deja gen ti moun menm se yon pwoblem, fanmiy nouvo moun sa, eske yo pa pral tounen yon pongongon nan kò’w tout sa bon a panse.

4) Pandan ke yon moun k’ap banboche sou pa yon bon bagay, men yon nèg k’ap fè tout lòt bagay byen nan vi’l, pou ou, pou pitit li, li merite yon dezyèm chans.

5) Si’w renmen nèg ou, pa janm kite yon sanzavez vin retire sa ou gen nan men’w lan. Si’w gen pou ou kite’l, kite’l pou yon lòt bagay ,men pa bay ankenn moun satisfaksyon sa a. Anpil fwa ou fin kite moun nan, apre plizyè mwa, oubyen ane ou menm ak moun sa retounen ansanm. Paske ou vin reyalize pa gen sa ki pi bon deyò an.

LI ATIK SA TOU: Yon fi pa janm dwe kite’l toutouni pou tro lontan devan mennaj li oubyen mari’l

Men pandan pou pa kite’l pou yon ti degaje, si sa rive plis ke dwèt ou gen nan men’w, la, ou oblije frape pye’w atè. Paske gen maladi deyò an, mèt kò veye kò. Nan tout sa yon moun ap sibi nan lavi gen yon kantite ou kap pran. Men toujou mete relasyon’w avan, toujou chèche kouman pou ou aranje sa ki p’ap mache byen ladan.

Si’w pran tan chita panse a gason, yo vrèman trè fèb a SEX, ou jwenn sa ki pi mal ke lòt, men tout gason toujou nan rechèch pou sex. Sa pa di ke li pral chèche’l deyò relasyon’l, men yo toujou pre pou fè sex. Sa se nati tout mal, kit se yon mal lyon, yon mal kabrit, yon toro bèf, etc… Nou menm moun nou pa tro lwen de sa, nou jis ka panse avan nou aji, e pafwa la nati jis pran kontwòl sou nou.

LI ATIK SA TOU: Si’w pa gen mennaj yon moun sou FACEBOOK ap mande’w renmen eske’w dwe ba li bò?

Pa gen anyen ki di’w relasyon t’ap fasil. Se lavi tout sa ou genyen nan men’w ki bon w’ap jwenn anpil lòt moun dèyè li, e si’w bezwen’l ou dwe kenbe li trè fò pou yo pa pran’l nan men’w. Alò pa voye sa ou gen nan men’w lan jete, si’w pa konnen sa ou pral jwenn, pou ranplase li.

Relasyon = Respè, Lanmou, Padone, Tolerans, Pasyans, Tèt Ansanm, etc…