RELATIONSHIP – Kesyon anpil moun ap poze tèt yo gason tankou fanm èske yo ka pran yon moun serye k’ap mande yo renmen sou Facebook. Sou anpil profil nou k’ap wè sa ekri ” Mwen pa la pou nèg, mwen jis la pou’m pran plezi, griyen dan, si’l vou plè pa vin mande’m renmen paske mwen gen mennaj oubyen mari’m deja”. Depi se kote ki gen fi ak gason, w’ap toujou jwenn yonn abòde lòt paske se moun nou ye, fò gen ti konvèsasyon ki tonbe.

Alò lè yon moun abòde ou sou Facebook la, pa gen anyen ki mal ak sa a. Pa gen yon gro diferans yon moun abòde ou nan lari, nan club, nan super market, nan legliz, nan yon bis, etc… Se ou menm ki dwe konnen ki jan de etap ou dwe pran avan ou kite moun sa antre nan vi’w. Paske jan yon moun konpote li premye fwa li wè’w sa pa vle di se kon sa moun sa vrèman ye. Gen bon moun e ni move moun sou Facebook la, e se kon sa tou gen bon moun ki sou Facebook k’ap chèche yon moun pou li fè vi li, e gen sa ki la se pou pran plezi. E kategori moun sa yo tou pa tou, e se yonn nan rezon ki fè li pa yon problem si yon moun sou facebook la abòde ou, si ou enterese apre ou fin gade foto moun sa, ebyen gen etap ou ka kòmanse pran pou wè si moun sa vrèman vle fè yon bagay serye avèk ou.

LI ATIK SA TOU: Yon fi pa janm dwe kite’l toutouni pou tro lontan devan mennaj li oubyen mari’l

Kòm medam yo jwenn plis, Hi! ak Hello, an nou kòmanse sou yo. Si se yon fi ki pa gen moun nan vi’w, e gen yon jèn gason ki ekri’w sou Facebook lan, li ta vle konn plis bagay de ou menm, ebyen ou dwe ale nan lis bagay ou konnen ki trè enpòtan pou ou. Pa ekzanp si’l legliz, yon moun ki pa gen ti moun, yon moun ki gen travay, yon moun ki fini oubyen nan inivèsite, yon moun ki poko janm marye deja, etc… Si sa yo trè enpòtan pou ou, ebyen ou dwe kòmanse mande moun sa enfòmasyon sou sa yo. Si moun sa fè mwayèn de sa ki enpòtan pou ou yo, ou k’ap bay yon nimero pou nou pale, si nan pale avèk moun nan li montre anpil respè, nou diskite plis bagay ki trè enpòtan a ou menm, konnye a ou k’ap pran yon dat pou nou ka rankontre ak lòt. Si lè ou rankontre ak moun nan, jan li te parèt nan foto li ape prè 85% de sa, paske fò ou konnen nan reyalite pa gen PhotoShop, ebyen ou k’ap kontinye diskite plis bagay.

Facebook pa predikte ou ap tonbe nan yon move relasyon, sèl sa facebook fè se mete moun sa sou rout ou. Men ou dwe pran menm etap ou te gen yo, menm jan si ou te rankontre yon moun nan nenpòt lòt kote. Pawòl blofè se pawòl dous, trè solid, alò ou dwe pran tout prekosyon. Ou dwe fè rechèch eske moun sa pa gen yon moun deja, eske tout sa li di’w yo se verite. Ou ka pa mande’l pou li mennen’w bay manman’l, men li dwe fè’w rankontre ak kèk zanmi’l, yon kouzen, kouzin, kondisip, yon moun li travay avèk li. Aprann de sa li renmen, si li renmen al nan club di mennen’w ak li. Si li renmen ak zanmi li, di w’ap vin kote’l, kote li ye an. Rega Zanmi’l yo ka ba ou yon ide de li, e anplis li ka di’w ki jan de moun li ye. Eli gen yon jan l’ap aji devan zanmi li yo ak ou. Telephòn li trè enpòtan, eske lè yon moun rele’l fò li deplase pou li al pale avèk li, eske gen yon seri de lè, ou rele li, li pa pran telephone li, tout sa yo se ou menm ki pou fè yo.

Pou gason an, fò ou fè rechèch pa ou tou. Ou dwe trè vijilan. Paske anpil jèn fi de yo an, se yon fason y’ap chèche pou brase yon jèn gason. Gason gen 2 jan yo panse, gen de lè yo panse ak mwèl tèt yo, gen de lè se ak penis yo panse. Men li trè enpòtan pou ou toujou panse ak mwèl tèt lan. Paske nenpòt kote a ou jwenn fi sa a, ou pa pran tan’w pou ou panse byen, e swiv etap ki trè enpòtan pou ou yo, ebyen w’ap pran nan mera.

Facebook-love

An konklizyon, Facebook gen tout moun ladan, moun legliz, bòkò, vagabon, prezidan, CEO, fo CEO, antreprenè, manman, papa, pitit, moun de byen, vagabon, etc… Alò se chwa pa’w lan pou ou vijilan a li. Eske moun sa, sa li di li ye a, se sa’l ye vre. Kesyon sa li pou tout moun ou rankontre nenpòt kote. Alò wi, si ou jwenn yon moun ou enterese a li, e li enterese a ou menm tou, ou k’ap kòmanse avèk etap ou gen lè yon moun entèrese a ou menm pou wè si li pa sou blòf.